Choose a Language:

Fòmasyon eta a pou moun k ap ede nan bay swen pèsonèl ak swen adomisil (PHCAST)

Èske w ap chèche yon travay ki fleksib ? Pran fòmasyon pou w ka vin yon pwofesyonèl nan swen adomisil !

Ou ka vin yon moun k ap ede nan bay swen adomisil la gratis lè w pran sou entènèt fòmasyon eta a pou moun k ap ede nan bay swen pèsonèl ak swen adomisil (PHCAST) Commonwealth of Massachusetts bay la. Ou ka pran kou yo, lè w vle, epi kote ou vle.

«Yo prepare pwogram sa a vrèman byen, epi antanke yon nouvo menajè mwen kontan pou m di mwen pa ka tann, pou m kòmanse travay !!»

Moun ki diplome nan fòmasyon PHCAST la

Kisa yon Moun k ap ede nan bay swen adomisil ye ?

Moun k ap ede nan bay swen adomisil yo jwe yon wòl enpòtan, nan ekip pou swen adomisil la. Moun k ap ede nan bay swen adomisil yo ede granmoun aje yo, pou yo ka viv alèz lakay yo, oswa nan kominote yo a. Gen plizyè kalite moun k ap ede nan bay swen adomisil :

  • Menajè yo ede nan fè pwovizyon, kuizin, lesiv, ak aktivite nan anviwoman kay la, tankou netwayaj, lave asyèt, e pase aspiratè.
  • Menajè pou swen pèsonèl yo fè travay pratik. Yo ede ak benyen, abiye, pran swen cheve, ak fè deplasman.
Se yon fanm blan ki chita bò tab nan kwizin nan, epi moun k ap ede nan bay swen adomisil li a se yon jèn fanm nwa ki gen tatou sou li, k ap pote manje fanm blan an ba li.

Opòtinite pou fè karyè kòm moun k ap ede nan bay swen adomisil

Dapre sa Gouvènman ameriken di, demand pou moun k ap ede nan bay swen adomisil se yonn nan djòb k ap ogmante pi rapid nan peyi a !

Kòmanse avèk (Kou pou Menajè (Homemaker Course) nou an. Apresa, ale nan fòmasyon siplemantè pou w ka vin yon Menajè pou swen pèsonèl (Personal Care Homemaker) , pou w ka jwenn enfòmasyon sou swen manyèl pratik. Apati isi a, ou ka eksplore mwayen sa yo ak chache lòt djòb nan domèn nan.

«M espere, yon jou ma soti nan menajè pou vin yon Enfimyè oksilyè (LPN).»

Moun ki diplome nan fòmasyon PHCAST pou menajè a
Branch nan karyè pou Menajè ak menajè pou swen pèsonèl Anplwaye nan branch sa yo gen opòtinite, pou soti nan yon branch al nan yon lòt, selon sa ki enterese l, konpetans li, ak eksperyans li. Transfè Transfè Transfè Transfè Teknik Teknik Teknik Teknik BRANCH NAN KARYÈ POU MENAJÈ ak MENAJÈ pou SWEN PÈSONÈL MENAJÈ SWEN DIRÈK Moun k ap ede nan bay swen adomisil (Home Health Aide) Moun k ap ede menajè nan bay sipò Oksilyè enfimyè (CNA) Moun k ap ede moun ki toupre fen lavi a (Hospice Aide) ADMINISTRASYON / LIDÈCHIP Moun k ap ede nan bay swen adomisil (Home Health Aide) Moun k ap kowòdone ajan an Manadjè : Pwopriyetè MEDIKAL / SANTE Travayè sosyal medikal (sosyal wòkè) Enfimyè oksilyè (LPN) Enfimyè anrejistre (RN) SÈVIS SIPÒ SOSYAL Manadjè ki sou ka a (an anglè : Case Manager) Travayè sosyal (sosyal wòkè) Sipèvizè/Manadjè Direktè/Direktris Konesans ou pran nan fòmasyon PHCAST la se konesans ou ka itilize nan tout endistri ak sektè.

Pou patisipe nan PHCAST la

Èske w prè pou yon nouvo djòb ? Chwazi yonn nan kou apre yo. Chwazi kou ki koresponn pi byen ak kapasite e enterè w Tout kou yo gratis pou moun k ap viv nan Massachusetts.

Chwazi nan ki lang ou ta renmen pran kou yo. Tout kou yo disponib an anglè, an espanyòl, ak kreyòl ayisyen.

Pou w enskri, ou dwe :

  • Gen aksè nan yon konpyoutè, tablèt, oswa telefòn entelijan ki gen opalè e entènèt.
  • Yon adrès imèl valab

Kou pou menajè

Kou sa a aprann ou fason pou w kominike, travay ak konsomatè, e prepare manje an byen. Y ap ba ou Sètifika ou te pran fòmasyon an (Certificate of Completion) lè w fini kou an !


Chwazi kou ki koresponn pi byen ak eksperyans ou.

Pou nouvo pwofesyonèl yo

Kou sa a fèt pou kèlkeswa moun nan, ki nouvo nan domèn nan e ki enterese nan fè karyè kòm yon menajè.

Enskri

Pou pwofesyonèl ki gen eksperyans yo

Kou sa a se pou pwofesyonèl ki te gen eksperyans anvan, kòm yon menajè, e ki ta renmen rafrechi, oswa devlope konpetans ak konesans yo.

Enskri

Pou moun ki bay swen enfòmèl yo

Kou sa a se pou kèlkeswa moun nan ki enterese nan bay yon fanmi oswa zanmi sipò kòm menajè yo.

Enskri

Kou pou Menajè pou swen pèsonèl

Kou sa a baze sou konpetans ak konesans ou pran nan fòmasyon pou Menajè a, epi prepare w pou ede moun ki bezwen swen manyèl, tankou abiye, benyen, swen cheve, ak nan deplasman. Y ap ba ou Sètifika ou te pran fòmasyon an (Certificate of Completion) lè w fini kou an !

Tanpri fè atansyon : Ou dwe pran fòmasyon kòm menajè a, avan w pran kou sa a. Ou ka pran fòmasyon pou menajè a an pèsòn, oswa sou entènèt.

Chwazi kou ki koresponn pi byen ak eksperyans pwofesyonèl ou.

Pou nouvo pwofesyonèl yo

Kou sa a fèt pou kèlkeswa moun nan, ki nouvo nan domèn swen sante adomisil la, e ki enterese nan fè karyè kòm yon menajè pou Swen pèsonèl .

Enskri

Pou pwofesyonèl ki gen eksperyans yo

Kou sa a se pou pwofesyonèl ki te gen eksperyans anvan, kòm yon Menajè pou swen pèsonèl, e ki ta renmen rafrechi, oswa devlope konpetans ak konesans yo.

Enskri

Pou moun ki bay swen enfòmèl yo

Kou sa a se pou kèlkeswa moun nan ki enterese nan bay yon fanmi oswa zanmi sipò kòm menajè swen pèsonèl yo.

Enskri

Pou anplwayè yo : Èske PHCAST la kòrèk pou anplwaye m yo ?

Kit anplwaye ou yo nouvo nan domèn nan, oswa kit yo sèlman bezwen rafrechi konesans yo, PHCAST la ka satisfè bezwen w yo. PHCAST la gen tout enfòmasyon anplwaye w yo bezwen, pou yo ka santi yo gen konfyans nan tèt yo, yo gen bon jan konesans, epi yo pare pou travay an sekirite kòm moun k ap ede nan bay swen adomisil.

Kourikoulòm PHCAST nou an ede anplwaye w yo, aprann wòl ak responsablite yon Moun k ap ede nan bay swen adomisil, ikonpri teknik tankou koute atantivman, planifikasyon pou nitrisyon, fè menaj, travay ak konsomatè, rekonèt abi, e neglijans, jere sitiyasyon ijans, ak plis lòt bagay.

Pou Nouvo kou pou Menajè (New Homemaker Course) a, anplwaye w yo ka fini tout 11 modil yo sou entènèt, nan lè yo vle fè sa, lè yo pa nan travay yo.

Si yo vle ogmante konpetans yo apre kou pou Menajè a, pwochen etap la se Kou pou Menajè pou swen pèsonèl (Personal Care Homemaker Course) la, ki baze sou konesans yo te pran nan kou pou Menajè a. Kou pou Menajè pou swen pèsonèl la se yon kou sou entènèt ki gen 7 modil ladan l. Lè anplwaye ou yo ap pran kou pou Menajè pou swen pèsonèl la, yo dwe fè tou yon 10 zè pratik ak yon enfimyè anrejistre (RN), k ap bay fòmasyon pou Menajè pou swen pèsonèl la.

Yon patwon travay, ki se yon fanm Azyatik lès, te chita sou biwo l, epi l ap pale ak yon lòt patwon, ki se yon fanm lès Azyatik tou, ki pi gran pase l e ki kanpe bò kote l.

«Pi gwo avantaj la [pou anplwaye m yo] se fleksibilte a». Yo ka pran [fòmasyon an] lè yo vle, epi yo pa bezwen pran konje travay. Dezyèm gwo avantaj la se yon ranfòsman pou amoupwòp yo»

Anplwayè, Deborah H.

Gaye pawòl la !

Èske w travay ak moun k ap chache djòb nan Massachusetts

Tanpri, fè moun nan rezo kontak ou yo konnen fòmasyon nou bay la ! Nan Zouti PHCAST nou an sou Kominikasyon ak sansiblizasyon an gen enfòmasyon sou Fòmasyon eta a pou moun k ap ede nan bay swen pèsonèl ak swen adomisil la, gen :

  • Echantiyon mesaj sou rezo sosyal yo, pou pataje ak moun k ap suiv ou yo
  • Bwochi ou ka enprime, pou afiche nan biwo ou yo
  • Echantiyon langaj pou blòg/bilten pou pataje ak odyans ou
De fanm azyatik ès chita bò yon tab, y ap fè aktivite manyèl. Yon granmoun aje fanm, ak lòt fanm nan ki se èd k ap bay swen adomisil.

«Mwen apresye anpil se pa sèlman konsomatè a, konpayi kote m ap travay la, bay enpòtans, men mwen enpòtan tou. Mwen rekonesan pou kou sa a, paske li te ban m konpetans ki nesesè pou fè travay mwen . »

Anplwaye ki te pran fòmasyon PHCAST la
Retounen anwo ↑